Pati politik (ANFOS) pou sove lonè Ayiti prezante tèt li bay popilasyon an nan rejyon Dèpal la.

79
0
Share:
TRiboLAND

11 – 13 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Pati politik (ANFÒS) pou sove lonè Ayiti, prezante tèt li jounen jedi 12 novanm 2026 lan, akote plas Senfranswa Dasiz la, nan vil Gran Gwav.

Nan okazyon an, te genyen plizyè santèn moun ki te pote boure, pami yo manm pati a, ban’n rara, motosiklèt ki te defile nan divès ri ak mayo sou yo ki make anblèm estrikti politik la ki se ANFÒS pou sove lonè Ayiti, nan lide pou montre popilasyon an genyen yon zouti politik ki egziste nan 4 kwen peyi a espesyalman nan rejyon Dèpal la.

Toutfwa, Responsab yo ki deklare pati politik ANFÒS pou sove lonè Ayiti, se yon nouvo zouti politik estrèm goch, yo prezante bay pèp nan rejyon Dèpal la. Pandan yo fè konnen, nouvo zouti politik sila a, vize rasanble tout pitit peyi a san distenksyon.

Share:

Leave a reply