Yon gwoup bandi sangwen fè yon lapli kout zam sou yon otobis nan komin Kwa Dèboukè

834

09-29-2023

Kwa Dèboukè, Ayiti____(TRiboLAND) Sak rete pou sèvis transpò fè yon kanpe pou bay ensekirite a fè wout, pa manke anyen. Nèg pye sal sangwen ame, fè yon lapli kout zam sou yon otobis ki chaje ak pasajè jounen jedi 28 septanm 2023 a, nan Kwa Dèboukè.

Selon yon sous lokal, otobis sila, ki tap sòti avèk yon seri konpatriyòt ayisyen ki tap kite tèritwa gouvènman panyòl rasis la, te atake anba tèrè bandi sangwen ki pat ezite krible otobis la san okenn jistifikasyon.

Sepandan, enfòmasyon yo ta sijere pa genyen moun nan pasajè yo ki ta mouri ni blese. Toutfwa, veyikil la tounen paswa e andomaje ak anpil twou bal.

Comments are closed.