Delege depatmantal AI Grandans lan, mande lajistis nan Jeremi, aplike la lwa kont tout moun ki enplike nan dechèpiye izinn asfalt lan.

895

09 – 27 – 2023

Jeremi , Ayiti____(TRiboLAND) Delege depatmantal AI Grandans lan, agwonòm Louissaint Cezar ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, mande lajistis nan Jeremi pou aplike la lwa kont tout moun ki enplike nan vòlè pyès izinn asfalt lan, nan komin Wozo.

Nap fè remake aprèmidi, madi 26 septanb 2023 a, jij depè Wozo a, Mèt Ferdinand Nadèl defere enjenyè Sony Flerancier kòm akize nan dosye dechèpiye izinn asfalt lan. Konsa, komisè gouvenman pakè Jeremi an, deside fè depo pou akize a, ki nan moman sa, ap réflechi pa dèyè kat miray prizon sivil Jeremi an.

Otorite jistis yo nan Jeremi, nan kad dosye sila swete nan pwochen konparisyon akize a, enjenyè Sony Flerancier ap genyen pou l konfwonte direktè depatmantal travo piblik Grandans lan, Fanfan Decime. Kidonk, enjenyè a genyen obligasyon pou prezante nan biwo komisè gouvenman an, nan kad pou blayi limyè sou yon parèy zak kriminèl ki merite “Bwa Kale” selon anpil moun!

Comments are closed.