Sibtiti Komisè Jeir Pierre tande Majistra Pòdpè yo nan sa ki gen pou wè ak dosye ULCC a, sou deklarasyon patrimwan otorite sa yo pat fè.

1,072

01-17-2023

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLAND) Dosye ULCC nan Nòdwès kont otorite ki pat fè deklarasyon patrimwan yo jan lwa 2008 lan mande sa. Jounen lendi 16 janvye 2023, Sibtiti Komisè Jeir Pierre tande ajan enterimè Mèri Pòdpè yo. Mèrès Yanick Augustave te akonpaye ak Me Jean Eder Moreau ki se Avoka yo.

Aprè ekspozisyon SCG an, Me Jean Eder Moreau pat pran tan pou reyaji daprè la lwa ki se bousòl li. Me Jean Eder Moreau di li sezi wè komisè a ap rale tout atik, pandan li inyore atik 16 nan menm lwa sa ki di isye a dwe sinifye moun lan an pèsòn, ki vle di “men nan men” ni majistra Josué Alusma, ni Mèrès Yanick Augustave pat janm sinifye an pèsòn. Lè li gade nan somasyon komisè a, li wè se Sekretè Mèri a; sak pi mal la isye a pat menm mande li apoze sinyati li ki se yon egzijans la lwa fè.

Me Jean Eder Moreau avèk fèm asirans ap tann dosye a al nan odyans. Li pa pè anyen, pwiske lap fè tout afè li selon la lwa. Li fini pou di, nan menm lwa sa, gen 2 atik se sere li sere yo pou odyans lan; paske li pa pè ak ni bezwen Jij ak komisè kòm zanmi, men pito la lwa kòm bousòl li.

Comments are closed.