Lansman projè agrikilti e devlopman riral nan plèn Womaribawo.

2,284

07-17-2022

Wanament, Ayiti __________(TRiboLAND) Se an prezans direktè depatmantal agrikilti a, Sylvain Salnave, Prezidan BAC Wanament lan, Ernest Joseph, Kazek Thelusmond Jean Baptiste, Agr Martyas chèf projè a, lansman projè agrikilti e devlopman riral nan Womaribawo (seksyon kominal Wanament, depatman Nòdès) te arive fèt.

Yon Pwojè ki fèt nan lide pou gen amelyorasyon ki fèt sou baraj rivyè Djasa a nan Womaribawo pou rive wouze 400 ekta tè. Projè sa kap egzekite anba lobedyans Agwo Aksyon Almand ak Sergo Chavanne Joseph kòm enjenyè en chèf. Daprè sa li fè konnen aprovizyònman materyo tankou: sab, gravye ak ròch ap kòmanse fèt apati de lendi 17 ak madi 18 jiyè 2022 a.

Nan deklarasyon direktè depatmantal, li fè konnen pou travay la byen fèt fòk teknisyen yo angaje ak ouvriye ki kalifye. Li te tou pwofite mande pou fòme yon komite ak yon protokòl dakò pou pèyizan yo kapab travay nan projè a. Premye konpozan pwojè sa, se kòmanse prepare wout ki mennen nan baraj rivyè Djasa a nan lide pou pèmèt materyèl tankou: traktè, motokiltè ak mwasonez antre koupe diri.

Diskisyon yo te deroule nan biwo asosiyasyon irigan Womaribawo (AIHM) yo, an prezans direktè; Sylvain Sama, direktè BAC Wanament lan, Erns Joseph, Kazek Thelusmond Jean-Baptiste, chèf projè a ki se Agronòm Martyas, direktè WHH la Aide Appolon, prezidan AIHM lan Adley AUGUSTIN epi Ing Sergo Charvanne Joseph.

Jn Simon Manex

Comments are closed.