Louis Abinader deside kanpe vann viza pou ayisyen pa antre lakay li, alòske plizyè lòt kanal ta dwe komanse konstwi

1,165

09-11-2023

Repiblik Dominikèn _____(TRiboLAND) Nan yon reyinyon konsèy sekirite Nasyonal repiblik Dominikèn lan òganize jounen lendi 11 septanm 2023 a, gouvènman dominiken deside kanpe pwosesis vann viza pou ayisyen yo pa antre sou tèritwa panyòl la.

Gwo kout san ak kòlè woule atè ta pran responsab dominiken yo ki estomake pou inikman yon priz dlo Rivyè Masak ke sitwayen ayisyen ki genyen dwa pou fasilite dlo rivyè a awoze jaden yo egalman.

Avèk gwo etonnman, otorite repiblik dominikèn yo pa soti pou antre nan bonsans yo, kote yo chwazi pa rekonèt dwa ayisyen genyen sou rivyè Masak la, selon « Traité d’Amitié, de Paix Perpétuelle et d’Arbitrage » ki te sinye ant 2 peyi yo, 27 fevwiye 1929.

Sou lòd gouvènman dominiken an, pòtay fwontalyè antre Wanament e Dajabon lan fèmen pou yon setyèm jou; konsa, gouvènman dominiken an egzije leta kanpe sou zafè kanal irigasyon an, ki pral fasilite kaptaj yon tigout dlo nan larivyè Masak.

Dominiken ranfòse sekirite yo, kote plizyè fòs militè terès ak lame dominiken kap chèche pran kontwòl kanal kòm byen zansèt yo ta sanble te kite pou yo. Konsa, peyizan yo sèmante 77 fwa 7 fwa se sou zantray yo pou Leta Ayisyen ta pase pou l vin bouche kanal la.

Antouka, dominiken yo pa sòti pou kite ayisyen pran yon priz dlo pou jere tè agwikòl lakay yo, alòske ensanse yo genyen plis pase yon dizèn priz dlo ke yo deja pran sou rivyè Masak san pwotestasyon, san entimidasyon, san odas, san diskriminasyon rasyàl, san kriminalite, san awogans ak entimidasyon, tankou yo te vle fè li sou Jovenel Moise.

Se pou tout tè Ayiti ta seche, yon fason pou yo toujou jwen kote pou dekoule pwodwi chimik lòbèy yo anndan peyi Dayiti. Tankou, chak plantè ou agwikiltè ayisyen ta dwe disparèt anba je otorite dominiken ki pran lakay kòm yon depotwa pou fè bè li. “Yo ap souse e eksplwate bèf la, men yo anpeche’l viv pou vant li kapab toujou depann kontinyèlman sou pwodwi lakay yo ki inikman fèt pou imilye bèf la”, dapwè yon sitwayen vil Wanament.

Okontrè, sitwayen yo te sipoze kòmanse konstwi 4 lòt kanal ankò; paske se pa Ayiti ki te konmanse vyole Trete Amitye, Pè Etènèl ak Abitraj ki te sinye ant 2 peyi yo nan lane 1929 la.

Nap raple, viza responsab dominiken kanpe pou ayisyen yo, se gwo magogo yo te toujou rapòte leta dominiken. Yo pat janm gratis! Se vre nou kapab genyen dirijan sankoutcha, apatrid, sangwen, gang, machann peyi, koutche kolon, inyoran e kokorat; sepandan, pèp ayisyen pa janm bliye karatè asèstral li ak sa li repwezante devan grenn je limanite.

Comments are closed.