Nò: Operasyon marasa ant BLTS, DCPJ ak APN; plizyè zàm ak munisyon sezi nan yon kontenè

187

03/12/2021

Kap Ayisyen______(TRiboLAND) Nan yon operasyon marasa ki fèt ak responsab APN e DCPJ yo, jedi 11 màs 2021 an nan Okap Ayisyen, brigàd kap lute kont trafik dwòg (BLTS) arive sezi nan ladwann yon latriye zàm ak munisyon.

Daprè bilan enstitisyon sekirite sa yo, yon parèy operasyon pèmèt yo sezi yon total 7850 katouch, 3000 katouch kalib 7.62x 39 mm, 1980 katouch kalib 223 Rem, 3 zàm latroublay e pami yo genyen yon fuzi ak yon pistolè ak 20 inite kalib 5, 56. Sepandan, tankou jan sa abitye fèt, otorite yo chwazi pa relache non prezime koupab yo.

Comments are closed.