Yon gwoup sytwayen nan Jeremi pwan inityativ pou kolekte lajan nan mitan popilasyon an, pou bay konstriksyon kanal nan Wanament lan jarèt.

951

09 – 19 – 2023

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Sou inityativ antreprenè Jean Rénal, yon group sitwayen deside mete men pou bay konstriksyon konstriksyon kanal irigasyon yo jarèt nan Wanament.

Depi 2 jou,yon group sitwayen mete sou pye yon gwo aktivite maraton sou plas Alexandre Dumas nan Jeremi. Daprè inistyatè prensipal lan misye Jean Rénal, se nan objektif pou apiye mouvman “Kanal jiskobou” a, nan Nòdès peyi a. Anpil moun pa bouke defile sou plas piblik la, nan kad pote boure finansyè sila.

Pou komite ki pwan inistyativ lan, yon parèy leve fon ap kontinye sou plas Alexandre Dumas a; tout moun ki vle pote kole, kontinye vinn bay travay la jarèt. Nimero telefòn sa yo disponib pou Nat Cash : 41062234 – 40 818642.

Deja komite kap oganize leve fon an, te envite lapwès an jeneral pou te vide dwoum magogo kolekte a, anprezans gran piblik lan. Ekip la kontabilize plis pase senkant mil dola meriken ke yo pral depoze sou yon kont Inibank 560 2515 3001 7550, sou nom Jozapha Antoine ak Polinis Rocheler.

Comments are closed.