Jounalis ou Kòmantatè politik, Carl Dieudonné akize Rony Collin e ansyen senatè Dieuseul Simon Dera kòm moun ki voye zonbi sou li

767

07/05/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Jounalis, kòmantatè ou analis politik zele ki anime pwogram “Emisyon Laye” sou Radyo Zenith FM, Carl Dieudonné ta sanble nan gwo difikilte lasante.

Selon sa kap sikile sou rezo sosyàl yo, ak sa li akòde a yon seri media nan kapital la, advèsè politik fawouch pwezidan defakto Jovenel Moise la, antame yon pelerinaj kote ke li pa sispan akize Direktè Jeneral Radyo Zenith, Rony Collin ansanm avèk ansyen senatè Dieuseul Simon Dera kòm 2 mistik ki lage makakriyèz zonbi sou li pou fè li tounen bèf e menm anpwazone li ak plon.

Kòmantatè politik la deklare ke li pa fou, malgre se yon tikal ki rete nan sèvo li ki pwèt pou tonbe an defayans. Li deklare, ke mesye yo pran li nan yon zatrap ke li pat menm konnen. Yo fòse li pou ale nan yon premye tan nan yon retrèt mistik nan Sodo (lakay senatè Dera) ak yon lòt nan otèl Decameron. Se yon konvwa 7 machin ki te genyen an total 63 moun ki te patisipe nan retrèt yo.

Dieudonné, pa sispann plenyen pou zonbi ke li wè kap pèsekite li; e li santi ke li vle pouse kòn e tounen yon bèf. Li mande 2 bòkò yo: Rony Collin ak Dieuseul Simon Dera pou yo ale defèt sa yo te fè a, paske li genyen timoun e li gen fanmiy ke li responsabilize, dapwè Carl Dieudonné ki tap depoze sou Radio Tele Caraibe jodi lendi 5 jwiyè 2021 an.

Pou kèk kritik ou konfrè lapwès, eta sante jounalis la ap deteryore fizikman e mantalman, yo estime ke Carl ta sanble genyen gwo pwoblèm bonnanj ki nesesite yon entèvansyon sikolojik ak mistik rapid.

Nap raple, nan entèvansyon jounalis Carl Dieudonné sou radyo, li te solisite asistans chèf leta defakto Jovenel Moise nan kad swivi medikal nan peyi lòt bò dlo.

Comments are closed.