Lapolis nan vil Pòdpè ateri nan Pakè Pòdpè a, ak dosye plizyè chofè taksi ke yo te arete nan kad arimay nan kòmansman mwa septanm lan.

111
1
Share:
TRiboLAND

19 chofè moto ap yaya kò yo pou al reponn kesyon sibtiti komisè Alangue Valbrum, pou anlèvman kont ranson, nan tèt kole ak kòkòday yo nan gang Tibwadòm nan, jounen vandredi 22 depatman 2023 a.

09-22-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Apre anviwon 15 jou chofè motosiklèt yo fin pase nan kad entèwogatatwa anba men lapolis, finalman SDPJ/NO, deside ateri ak dosye a nan pakè Pòdpè a.

Depi li fè 10 zè jounen vandredi 22 septanm 2023 a, komisè Alangue Valbrum, te deja sou pye degè li, pou analize rapò SDPJ/ NO la, epi tande chofè sispèk sa yo jan lalwa mande sa.

Li enpòtan pou konnen, lapolis te libere anviwon 38 chofè motosiklèt nan kad dosye sila, e trennen 19 nan yo devan pakè Pòdpè a, pou tèt yo ta melanje nan zafè asosyasyon malfektè, anlèvman kont ranson ak aktivite gang nan Tibwadòm.

Share:

1 comment

Leave a reply