Pou klotire fèt patwonal yo nan Grandans, legliz katolik fete Sen patwònn yo nan komin Mafran.

10 – 02 – 2026
Mafran, Ayiti_____(TRiboLAND) Legliz katolik nan depatman Grandans lan, fete jounen jedi premye oktob 2026 lan Sen patwònn yo Sen Terèz nan komin Mafran.
Nan okazyon an, latriye fidèl legliz katolik ak pèlere kite soti atravè kèk komin depatman Grandans lan te reponn prezan pou priye Sen Terèz e mande delivwans pou retire Ayiti nan salmanaza politik ak ekonomik politisyen fanm ak gason sankoutcha lage peyi a.
Sete okazyon pou plizyè dizènn politisyen ak kandida depareye pou pòs secrete, depite, majistra, delège vil, kazèk, azèk patisipe fizikman nan kad sansibilize elektora a pou eleksyon ki genyen pou fèt yo.
Tandiske bò kote pèleren melomann ou fidèl katolik yo, yo fè konnen ke se eleksyon ki pwòch ki rann tout politisyen sa yo ap vinn fè je fou ak manm popilasyon an nan komin Mafran, kap viv nan yon kondisyon ki pa reponn ak respè moun.






