104 prizonye enfekte nan kolera nan prizon sivil Tigwav la.

1,222

12-24-2022

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) 104 prizonye enfekte anba epidemi kolera nan prizon sivil Tigwav la,soti 18 novann pou rive 22 desanm 2022 a, selon komisè polis la Pierre Bellamy Samedi ki konfime nouvèl la.

A la tèt komisarya santral Tigwav la, fè konnen, li genyen gwo kè kase pa rapò remonte kolera a,nan prizon sivil Tigwav, lè li konsidere, fason prizonye yo ap viv pil sou pil nan yon kondisyon ki pa sanble ak lavi moun.

Pou amelyore sitiyasyon prizonye yo,responsab polis la Pierre Bellamy Samdi ankouraje leta ayisyen atravè ministè la jistis ak sekirite piblik pou rive pwosede ak inogirasyon nouvèl prizon tou nèf la (ki rete la tankou biblo) yon fason pou fasilite detni yo genyen yon mèyè vi.

Tout fwa,komisè Samedi mande otorite sanitè yo, pou fè vaksen yo rive jwen popilasyon keseral la nan Tigwav  pou evite pita pa pi tris.

JOICY Arnold

Comments are closed.