Pik Makaya ki se poumon ekolojik peyi Dayiti, ap bwile depi plis pase 19 jou nan Grandans peyi Dayiti.

1,235

03 -04- 2023

Pestèl, Ayiti______(TRiboLAND) Rejyon Grandans lan ap fè bwas depi kèk jou nan alète swadizan Ministè Anviwonnman peyi a sou yon gro dife kap ravaje “Pik Makaya” depi plis pase 2 semèn nan zònn Pestèl, Grandans peyi Dayiti.

Pik Makaya, ke anpil ekspè konsidere kòm inik rezèv ekolojik peyi a, ap bwile depi plis pase 15 jou anba je otorite yo. Daprè rezidan yo, patikilyèman nan komin Pestel, yo bouke voye SOS bay otorite lokal ak nasyonal yo ki pa manke fè moun santi ke yo egziste menm sou non.

Forè Makaya ap bwile pou yon bon bout tan, anpil espès inik tankou zwazo, reptile, ensèk, plant ou pyebwa ou pa kapab jwenn nan oken lòt plas sou planèt la ap disparèt anba 2 je avèg dirijan enkapab yo. Byen lwen, se yon veritab dram sanble ak yon eripsyon volkanik! “Nou menm nan komin Pestèl pa sispann voye Alèt Dijans bay otorite konsène yo ki pa mande nou ki sa nou pote pou vann”, daprè Emilyen, yon rezidan nan zònn Dichiti ki tap depoze nan mikwo TRiboLAND.

Nap raple, “Pik Makaya”, se yon zòn ki genyen biyodivèsite e ki bay plizyè rivyè nesans ant 2 depatman ki se: Grandans ak Sid. Li lokalize nan 5èm seksyon Dichiti.

Comments are closed.