Prezidan dominiken an Louis Abinader Corona bay lòd pou fèmen fwontyè totalman ak Ayiti

97

09-14-2023

Repiblik Dominikèn, Ayiti_____(TRiboLAND) Apwè yon delè 3 jou prezidan dominiken an, Louis Abinader te bay Leta ayisyen pou kanpe sou zafè kanal irigasyon an jiska jounen jedi 14 septanm 2023 a, li deside fèmen fwontyè ak Ayiti apati demen vandredi 15 septanm nan.

Konstriksyon kanal irigasyon Larivyè Masak la ki mete Ariel nan yon sèl grenn soulye, pa wè kisa pou’l fè. Prezidan dominiken an ki pa wè peyi Dayiti byen nan zye’l, mande pou fèmen fwontyè a apwè 3 jou li te bay pou kanpe sou zafè kanal irigasyon an.

Yon delegasyon gouvènmantal twouve l nan Santiago pou al chita ak gouvènman dominiken an. Sèten ayisyen kritike gouvènman Ariel ki al chita ak dominiken, yo kesyone misyon delegasyon sila pou mande, ” kisa yo pral deklare gouvènman dominiken an, sinon ke konstiksyon kanal la ki pa dwe kanpe sèlman”?

Nap raple sòti mèkredi 13 septanm pou rive jounen jedi a, gouvènman dominiken an ranfòse fwontyè a avèk plizyè kò ki deplwaye pou bay popilasyon Wanament pwesyon krab.

Comments are closed.