Fèmti fwontyè Repiblik Dominikèn ak Ayiti lakòz pri ze dominken an resevwa yon gwo pataswèl.

100

09-14-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Depi kèk jou sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ap swiv gwo pote boure otorite dominikèn yo fas ak konstriksyon kanal Rivyè Masak la, yon kanal binasyonal, ki kapab itilize pou bay peyizan nan depatman Nòdès peyi Dayiti, yon gwo bourad nan zafè agrikilti.

Mekontan kont itilizasyon kanal la, san pran tan, nan yon bat je, gouvènman dominiken an, pran yon desizyon chimerik pou fèmen fwontyè a, sa ki lakòz pri ze a bese lakay yo. Desizyon san reflechi sa a, kòmanse lakòz gwo bouch louvri nan mitan antreprenè dominiken yo, lè yo fè konnen, Rivyè Masak se yon rivyè binasyonal, tou 2 peyi yo kapab itilize li pandan yap respekte Trete ak Akò ki la pou sa.

Pou Jean Wislet Joseph, yon pitit Nòdwès, se moman enpòtan pou nou bay bourad ak pwodiksyon ze nan peyi Dayiti, paske vant nou pa dwe depann sou Repiblik Dominikèn. Li avanse pi lwen poul di, se pèp ayisyen an ki gen kreyon an nan men, se li menm ki dwe trase avni li ak avni piitit li yo.
Viv ayiti ! Viv elvaj! Viv agrikilti!

Comments are closed.