Yon rantre lekòl grab pou boukinis ak tout machann ki pa ka vann nan Grandans

742

09- 10 – 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Pou komansman ane akademik 2023-2024 lan, manm sektè enfòmèl lan, ki genyen ladan li, boukinis sa vle di moun ki achete liv pou revann an detay, machann anbilan kap vann , founiti klasik pou rantre lekòl la, deklare ke yo pa wè klè pou ane a.

Kèk ladan yo, ki te entèvni nan mikro TRiboLAND, fè konnen se premye fwa, yo nan sityasyon menm labank yo pa ka ranbouse manman lajan an, ni peye enterè, sou lajan ponya yo pran nan bank yo.

Ti machann sila yo, anpil nan yo kouri kite potopwens anba kout bal bandi sangwen, fè konnen y’ap domi, sou plas piblik Alexandre Dumas nan Jeremi, ak anba galeri kay moun, ak senk ou sis timoun nan men yo, san konnen ki lè sa kapab amilyore pou yo.

Ki donk, fenomèm ensekirite jeneralize a, pou moun sa yo, peze yon gro pwa nan mizè nwa ke yap viv la a, e yo mande dirijan yo, pran ti kal konsyans sou fason y’ap konplote ak entènasyonal la pou detwi pwòp sitwayen lakay yo.

Toutfwa, machan ak paran tout kalite pa wè ni monte, ni desann nan bwasaj lavi mizèrere a ki deja andikape tout espwa pou voye chovi yo lekòl nan yon peyi kote dirijan gang vwayou ap egzekite pwòp sitwayen yo.

Comments are closed.