Kolera LONI a ap taye banda depi anviwon yon sèmen nan prizon sivil Pòdpè a.

869

Anviwon 12 prizonye deja kontrakte maladi kolera LONI a, nan prizon sivil Pòdpè a, se konsekans vyolasyon règ ijyèn yo nan sant kaseral sila.

07-08-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan mache fouye zo nan kalalou, korespondan TRiboLAND yo al pantan sou enfòmasyon ki ta fè kwè prizonye yo nan prizon sivil Pòdpè a, ap konnen lavi difisil akòz maladi kolera a kap taye banda nan sant kaseral sila.

Responsab yo nan prizon sivil Pòdpè a, ki pa vle bagay la pran lari, pa deside mennen prizonye yo al pran swen nan yon sant kolera ou deplase kèk medsen pou vin swanye prizonye yo.

Nan moman nap pale a maladi kolera a, tounen yon veritab atakan kap make seryezman prizonye yo nan prizon sivil Pòdpè a, akòz kondisyon ijyenik yo ki pa reponn ditou.

Nap raple ou, sa pa genyen anpil tan, direktè depatmantal polis branch Nòdwès la, te anonse nan yon rankont piblik ke kondisyon ijyenik prizon sivil Pòdpè a pa bon menm ditou.

Comments are closed.