Trump blese nan yon aktivite kanpay elektoral, men li pa pi mal; sepandan, agresè a jwen lanmò e yon patisipan mouri egalman.

304
0
Share:
TRiboLAND

07 – 13 – 2024

Butler, Etazini______(TRiboLAND) Yon nèg ame tire jodi samdi 13 jiyè 2024 la sou ansyen prezident Etazini an, Donald Trump nan moman li tap delivre yon diskou nan yon gro rasanbleman kanpayn elektoral nan andeyò lokalite Butler nan Eta PA, daprè sa ki rapòte bay laprès. Trump, ki te blese nan atak la, pat pran tan pou kòdron ajan sèvis sekrè te retire’l sou podyòm kanpay la e kouri avèk li nan machinn li.

Nan moman gro van panik ak katchouboumbe sila, yo arive idantifye yon eleman ke yo tirew e touye kòm prezime kriminèl la, selon sa komisè gouvènman Distri Konte Butler a, Richard Goldinger rapòte bay laprès. Yon patisipan nan asanble politik sila te arive mouri e yon lòt nan yon eta kritik, toujou daprè Goldinger ki tap depoze.

 Se konsa, pandan yo tap leve kouri avèk Trump, li te arive leve pwen li anlè, alòske li te genyen san ki tap koule soti nan zorèy li.

Kèk ti tan aprè, responsab kanpay Donald Trump yo fè sòti yon nòt pou konfime ke ansyen prezidan an “oke”. Konsa, deja genyen gro envèstigasyon kap mennen sou yon parèy ensidan ke anpil gro chabrak repibliken konsidere kòm yon tantativ asasina.

Share:

Leave a reply