Edukasyon: MENFP evalye elèv CEP yo ane sa a.

2,812

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl tanmen pwosesis evalyasyon pou elèv sètifika etid primè yo.

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon konferans pou lapwès jounen lendi 6 jwen 2022 a, Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Mèt Nesmy Manigat fè konnen genyen anviwon 56,784 elèv 6e AF kita dwe patisipe nan egzamen swa 1,562 elèv nan lekòl piblik yo e 80 lekòl prive.

Pou Minis Edikasyon Nasyonal la, desizyon ki pran an pa yon kesyon egzamen deta men se yon desizyon kap pèmèt ministè a evalye fòs ak feblès elèv 6è ane yo.

Yon lòt bò, Minis Nesmy Manigat tou pwofite chanje dat egzamen bakaloreya yo kap gen pou òganize sòti 1e pou rive 6 jiyè 2022 a.

Li enpòtan pou konnen, desizyon pou chanje egzamen bakaloreya yo pran tout swit apre divès reyaksyon jovnelis yo sou dat 7 jiyè kap vini la.

Comments are closed.