Kòdonatè Òganizasyon Avoka Plus nan Tigwav, Mèt Pierre Augustin di li genyen gwo tèt chaje fas ak volim jèn kad ayisyen kap pati kite peyi Dayiti.

944

08-31-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Kòdonatè Òganizasyon Avoka Plus nan Tigwav, Mèt Pierre Augustin nan yon entèvyou ak laprès aprè midi mèkredi 31dawout 2023 a, eksprime gwo enkyetid li di, li genyen fas volim jèn kad ayisyen ki genyen tit, kap kite peyi a pou al lave asyèt nan restoran, koupe zèb, leve bokit mòtye ak leve bwat elatriye….nan peyi etranje.

Ensekirite jeneralize ki genyen nan peyi a tankou: kidnapping, touye moun, vyòl, vòl, ensandi, lavi chè, grangou, blackout, kòripsyon ak mansonj, se kèk rezon kòdonatè Òganizasyon Avoka Plus la, Mèt Pierre Augustin evoke sa ki okazyone jèn kad ayisyen ki gen tit ap kouri kite peyi a, pa bann e pa pakèt yon fason pou al chache lavi sitou nan peyi oksidan yo.

Nan sans sa a, alatèt Avoka Plus la nan Tigwav la, kwè ekzòd masiv jèn kad ayisyen yo ap fè nan peyi oksidan yo, pral genyen gwo konsekans grav sou bon fonksyonman sosyete ayisyèn nan.

Comments are closed.