APN: Chanjman administratif nan nivo otorite pòtyè nan Jeremi

899

08-30-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Louis Jean Lunick, se nouvo direktè rejyonal otorite pòtyè nasyonal APN, nan Jeremi. Louis Jean, ranplase nan pòs sa a, Louis Louines, ki transfere nan Pòtopwens.


Selon komantè ak analiz, nan mitan popilasyon an nan vil Jeremi, se yon veritab chanjman kosmetik, ki enskri nan kad demach politik ansyen senatè Sorel Jacinthe, pou retounen nan eleksyon, ki pwal genyen pou fèt yo.

Nouvo direktè a, Louis Jean Lunick, mande kolaborasyon tout sektè nan sosyete a, pou avansman bwàt Leta sila.

Nap raple, anpil fwa APN se bwat sekrè politisyen sangwen kòriptè trafikan zam ak dwòg, ki efondre peyi a.

Comments are closed.