Pak Endistriyèl Karakòl la fèmen pòt li tanporèman

1,176

09-21-2022

Karakòl, Wanament, Ayiti __(TRiboLAND) Nan yon avi responsab S & H Global e Everest Apparel Ayiti mete deyò nan dat 21 septanm 2022, anonse ke yo fèmen pòt yo pou lè gen gaz.

Konpayi yo fè konnen fas avèk kriz kap ravaje peyi a depi kèk jou lakòz Pak Endistriyèl la pa kapab fonksyone. Konpayi yo di peyi bloke tout kote fèmen e li paka peye anplwaye li yo ki oblije ap soufri. Li fèmen jiskaske gen gaz pou yo kapab fonksyone.

Nap raple kouran ou elektrisite nan zòn tankou Karakòl, Teryewouj, Otwou ak Limonad pral koupe nan jou yo pou menm rezon an.

Jn Simon Manex



Comments are closed.