Minis Edikasyon an, Nesmy Manigat distribye liv inik bay direktè lekòl nan distri Dèlma ak Site Solèy

731

08-07-2023

Lwès, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan sa ki gen pou wè ak preparasyon ane akademik 2023-2024 la, Minis Edikasyon Nasyonal la, Nesmy Manigat distribye “liv inik” an kreyòl ayisyen pou klas premye ak dezyèm ane fondamantal nan distri Dèlma ak Site Solèy.

Plizyè dizèn direktè lekòl te reponn prezan pou resevwa liv sa yo, pou remèt paran yo nan non elèv yo.

Minis lan, ki te akonpaye ak dirèktè edikasyon Lwès la distribye 12 000 liv nan distri sila. 6000 nan distri eskolè Dèlma ak 6000 nan distri eskolè Site Solèy la. Operasyon distribye “liv inik” yo ap kontinye nan 14 lòt distri ki gen nan Lwès la, avan yo touche tout lòt depatman yo.

Comments are closed.