Bandi sangwen asasine yon enspektè polis nan Delma 33

837

08-25-2023

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Enspektè divizyonè Colas Gérald tonbe aswè a anba bal bandi sangwen aswè vandredi 25 dawou 2023 a, toupwè Pak Midore, selon sa kòdonatè SYNAPOHA a, Lionel Lazarre anonse.

Enfòmasyon yo ta vle fè kwè, se sangwen gwo koure ki te sou motosiklèt ki simen katouch sou enspektè polis la, nan moman li tap trese lèl pou antre lakay li.

Gérald mouri anba plizyè katouch; malgre bwas ki tap fèt pou kouri avèk li lopital, li te gentan twò ta.

Comments are closed.