Ajan BLTS arete “Izolan” Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture e relache aprè

324

03/24/2021

Pòtopwens­—–(TRiboLAND)_Léonard Tout-Puissant, rapè byen koni sou non “Izolan”, jwen arestasyon li jodi mèkredi 24 màs 2021 an nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture anba men ajan Bwigad Lut kont Trafik Stupefyan yo (BLTS).

Atis la jwen arestasyon li nan moman li t’ap pran avyon an direksyon Repiblik Dominikèn abò yon vòl

 Konpayi “Century”. Ajan yo te rekondwi “Izolan nan DCPJ kote ke li te subi yon entèwogatwà e aprè li te relache san ke otorite yo pa fè sòti oken komunike ofisyèl sou a motif arestasyon an.

Nap raple, chantè “Barikad” la se te bon jan patnè ansyen Majistra Pwensipal Pòtopwens lan, Ralph Youri Chevry ki nan kanpe lwen nan Repiblik Dominikèn sou gwo akizasyon konplo pakala kont Leta Ayisyen ak aktivite tèworis ki nan danse kole ak gwoup “Fantòm 509”.

Comments are closed.