Diskou malatchong Premye Minis defakto Peyi Dayiti a soulve kolè pèp ayisyen an.

1,997

Diskou malatchong, de grenn gòch, #3 moun tèt san cheve yo soulve kolè pèp ayisyen an, epi lakòz divès zòn nan kapital peyi a anba gwo flanm dife.

09-19-2022

Pòtopwens, Ayiti__(TRiboLAND) Aprè plis pase yon semèn depi aktivite piyaj, barikad, san konte gwo boukan dife nan batiman piblik kou prive kap taye banda nan peyi Dayiti, Premye Minis defakto PHTK a, mouche Ariel Henry, deside adresel ak nasyon an epi soulve kolè pèp ayisyen an.

Aprè diskou malatchong sila, popilasyon an kap viv nan Delma, Petyon-Vil, pat pran tan pou reyaji; sa ki lakòz divès rejyon nan kapital la ap neye anba gwo flanm dife san konte barikad ki monte men wotè.

Pwomèt yon dezyèm mitan nan batay kont gouvènman sila, militan yo fè konnen tout otan Minis defakto Peyi Dayiti a, Ariel Henry ak tout akolit li yo pa kite pouvwa a, yo pap debloke peyi a. Nap raple, peyi a sou mod lock demi kèk jou.

Comments are closed.