Siklòn Franklin kòmanse ap bay peyizan Lakwa gwo pataswèl

867

08-22-2023

Pòdpè, Ayiti ____(TriboLAND) Nou anndan sezon siklòn lan, jodi madi 22 dawout ak mèkredi 23 Ayiti gen gwo menas siklonik sou tèt li, kote ke ekspè yo pwevwa peyi a kapab pran anpil fwap anba siklòn Franklin.

Malgre nan depatman Nòdwès la poko gen gwo aktivite lapli, sa pa enpeche gen kèk zòn van kòmanse ap bay gwo sakad e menm jete plat atè divès jaden peyizan yo nan zòn Lakwa Sen Jozèf.

Moun nan zòn Bouflèt, Lewon ki sou tèt Lapwent kòmanse rele 2 men nan tèt akoz ravaj divès pye manje yo te plante deja tonbe anba gwo rafal van.

Jaden yanm, bannann, divès pye lam pran gwo sekous. Yo pa tonbe, men prèske pa gen lam ki rete sou pye yo. Peyizan sa yo ki yon ti elwanye lokalite Lakwa, nan yon sitiyasyon kritik, sitou nan kay kote yo rete yo ki pa twò kòdjòm.

Daprè Kazèk Nadilia ki nan Lakwa Sen Jozèf, doleyans bò kote peyizan sila yo, pa sispan klewonnen. Sitiyasyon yo vrèman parèt malouk, menmpou otorite lokal yo ki pa vrèman kapab reponn ak kri detrès peyizan yo. Yo jis antamen yon kanpay sansiblizasyon pou mande moun yo pran divès prekosyon; pwoteje vi yo dabò, kantan pou lòt bagay yo, yap fokis sou yo aprè paske lavi miyò pase byen.

Comments are closed.