Enjenyè Jacky Cadet fè yon entèvansyon nan rivyè ladig Tigwav.

50
0
Share:
TRiboLAND

04 – 29 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRIboLAND) Nouvo direktè biwo distri travo piblik, transpò ak kominikasyon nan rejyon gwavyèn nan (MTPTC), enjenyè Jacky Cadet, fè yon entèvansyon nan Rivyè Ladig Tigwav la jodi mèkredi 29 avril 2026 lan.

Selon direktè Cadet, entèvansyon sa a fèt nan lide pou bouche brèch yo nan Rivyè Ladig. Li estime ke se yon inisyativ kap y’ap pote yon ti solisyon tou piti pou popilasyon an, jiskaske pouvwa santral foure bouch nan koze a; mete disponiblite mwayen gaz, pèl mekanik, gabyon pou yo. Anplis, fè yon travay dirab pou amelyore soufrans popilasyon an, ki anba gwo menas rivyè Ladig Tigwav.

Toutfwa, nouvo direktè MTPTC a, enjenyè Jacky Cadet ki deklare ministè agrikilti, ministè anvironman ak biwo travo piblik ap sou plas pou bay travay yo jarèt.

Share:

Leave a reply