Twonson wout sant vil Jeremi, an direksyon wout Avyasyon bay anpil tèt fè mal.

861

08-19-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Lapli ki kontinye tonbe atravè diferan komin depatman Grandans lan, patikilyèman nan vil Jeremi, dezapwouve ekip chalatan san konsyans yo, kap dilapide task popilasyon an, nan direksyon depatmantal ministè travo piblik Grandans lan.

Pou jounen, samedi 19 dawout 2023 a, moun kap soti sant vil Jeremi, pou al nimero 2 pou pwan avyon, ak sila yo ki pwal nan komin Bonbon, Abriko, se say o bliye yo pa jwen. Sikilasyon an te konplètman enposib.

Direktè depatmantal ministè travo piblik Grandans lan, Fanfan Decime, ak yon ekip charlatan ki soti Jakmèl, swadizan enjenyè, direktè, dekese plizyè milyon goud, bay fè yon maskarad, sou fòm dalo. Yon ti lapli ki vini nan mwens ke 30 minit, ase pou platinen travay kokorat TPTC yo, e rann sikilasyon an enposib.

Manm popilasyon an, ki fatige ak raketè san konsyans sa yo ki nan tèt direksyon depatmantal ministè Travo Piblik Grandans lan, mande pou PM PHTK a, Ariel Henry, fwa sa a, debarase depatman de koli ankonbwan sila yo kap pwopaje yon viris kòripsyon nab wat Leta a.

Comments are closed.