20 jiyè, yon dat ki make lanmò ansyen prezidan progresis Léon Durmasais Estimé.

837

20 jiyè 1953-20 jiyè 2023, safè egzakteman 70 lane depi ansyen prezidan Léon Durmasais Estimé mouri nan New York.

07-20-2023

Sete yon dat tankou jounen 20 jiyè a, ansyen prezidan Léon Durmasais Estimé ta pral mouri nan peyi blan meriken, patikilyèman nan lakou New York, ak 53 rekòt kafe sou tèt li.

Léon Durmasais Estimé, te yon gason total ki pwèske enposib pou moun ta retrouve lakay dirijan ayisyen yo. Dayè, yon pwototip nan dimansyon Estimé rete enkonparab nan peyi Dayiti.

Vizyonè a te orijinè Vèrèt, depatman Latibonit, e li te fèt nan dat 21 avril 1900. Léon Durmasais Estimé, ta pral prezidan peyi Dayiti nan dat 16 dawou 1946, pou rive 10 mai 1950. Nan pasaj pouvwa li, li ta pral reentegre nwa yo, nan administrasyon piblik la ke ansyen prezidan Elie Lescot te revoke.

Se te yon prezidan pwogresis, nan zafè enfrastrikti. Li te fè yon ansanm reyalizasyon ki te leve byen wo modènite ak eskanp figi peyi a. Pami yo, wout, enstitisyon piblik, plas piblik, mache, lopital, sistèm drenaj, kominote azil, e latriye. Estimé te yon sakre, yon vizyonè, e yon ewo ki te vle oryante Ayiti nan dimansyon peyi devlope!

Comments are closed.