Direksyon Lise Faustin Soulouque Tigwav, onore 6 elèv ki Lorena pou klas filo pou ane akademik 2025 – 2026 lan.

159
0
Share:
TRiboLAND

09 – 05 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Direksyon Lise Faustin Soulouque Tigwav la, nan kad yon seremoni yo òganize vandredi 04 septanm 2026 lan, onore 6 elèv ki loreya pou klas filo pou lane akademik 2025 – 2026 lan. Anbyans fyète a, te dewoule an prezans direktè Lise a, Jean Délouis Laverture, reprezantan BDS Leyogan lan, enspektè Louis Frantz Baptista, e plizyè pwofesè ak paran elèv loreya yo te boure espas seremonyàl la.

Mwayèn jèn loreya yo pete plafon avèk Chery Melissa ki fè yon mwayèn 9.82, Roguette Jounedia ki fè mwayèn 8.32, Saint Jacques Dlenson mwayèn 8.29, Myco Steeven Francois 8.09, James Jolibois 8.06, Nacheline Vilsaint 8.05. Tout 6 etidyan sila yo arive fè pi gwo mwayèn nan egzamen akademik 2025 – 2026 lan pou klas filo nan Lise Faustin Soulouque Tigwav la.

Direktè Lise Faustin Soulouqque Tigwav, Jean Delouis Laverture sou bò pa li, te pran lapawòl nan okazyon seremoni an, li bat bravo lakontantman pou gwo jefò elèv yo fè nan egzamen an. Li fè konnen li genyen 2 lane depi lap dirije tèt enstitisyon sila a, li di travay elèv yo ankouraje li anpil, li mande paran yo kontinye akonpanye timoun yo.

Premye loreya a, Mélissa Chery ki fè mwayèn 9.82 , ki te pale nan non kòlèg yo, nan kad seremoni an. Li di yo satisfè pou fason dirijan yo onore yo pou jefò yo di fè. Yo remesyè staff direksyon an, yo remèsye paran yo ki te toujou ap ankouraje yo pou etidye. Mélissa Chery mande lòt elèv pou bay lekòl anpil enpòtans nan lavi jenès yo.

Share:

Leave a reply