Enstalasyon yon nouvo Sibtiti Komisè Gouvènman nan Pakè Pòdpè a

357

Pòdpè____(TRiboLAND) Yon nouvo Sibtiti Komisè Gouvènman rive prete sèman answit enstale nan Pakè Pòdpè a, jounen jedi 16 jwiyè 2020 an. Se Me Michelet Virgil ki transfere aprè li sot pase 18 mwa nan Pakè Grande Rivière du Nord.

Me Michelet Virgil

Seremoni Prestasyon sèman sa a dewoule anprezans dwayen Tribinal premye Enstans Pòdepè a, Me Louis Yves Marie Périclès, reprezantan Ministè Piblik la, Me Dieudonné Jean Gamaël, delege depatmantal Nòdwès la, msye Dordoille Sony Wesley, san konte paran, fanmi, zanmi ki te soti toupatou, ki te reponn prezan.

Dwayen Tribinal la, Me Louis Yves Marie Périclès, ki t ap prezide seremoni an, answit ki t’ap swete Me Michelet Virgil byenvni, fè konnen li pa gen anyen li pral aprann nouvo sibtiti a, Me Michelet Virgil, ki te deja pase yon bon bout tan nan Pakè Pòdpè a avan yo te transfere l Grande Rivière du Nord.

Reprezantan Ministè Piblik la, Me Dieudonné Jean Gamaël, bò kote pa’l, di’l santi li kontan prezans Me Michelet Virgil anndan Pakè Pòdepè a paske selon reprezantan sosyete a, Me Gamaël, gen anpil dosye ki t’ap kanni nan tiwa.

Me Michelet Virgil ki pa yon novis nan pòs sa a, nan deklarasyon l fè konnen l pral kontinye batay sou tout fòm kont detansyon prevantiv prolonje a anndan prizon sivil Pòdpè a ki chaje kouleba ak prevni k poko pase douvan jij natirèl yo, selon nouvo paketye a, Me Michelet Virgil.

Li enpòtan pou raple, Pakè Pòdepè a gen anndan: yon komisè gouvènman anchèf ki se Me Bellamin Jean Volney ak 7 sibtiti komisè gouvènman; sa vle di okenn otorite p’ap vin plenyen bay jistisyab yo pou di yo se komisè ki manke ki lakoz dosye yo ap trennen, selon kèk jistisyab ki te pale ak Triboland e ki te vin chèche ti moso jistis anndan Palè Jistis Pòdepè a, jounen Jedi 16 jwiyè 2020 sa a.

Saint Jean wiskis. TRiboLAND
3600-1195
4204-2561

Comments are closed.