Jean-Henry Céant fache e demanti kon chyen otè liv “Toutouni” an

0 437

PÒTOPWENS__(TRiboLAND) Ansyen premye minis Jean-Henry Céant estomake e reyaji apwè sòti liv ki rele “Toutouni” ki mete san sere kras yon pakèt deriv ak malpwatik ki tap pase nan nannan gouvenman-lan.

Otè sa yo ki rele: Pascal Adrien ak Jorchemy Jean-Baptiste menm avan aparisyon liv “toutouni” an te deja konfime sou yon radyo nan kapital-la ke ansyen premye minis Céant te deja fè yo konnen an chalkalis ke li te ofri Senatè yo bonjan tchotcho yon fason pou li te benefisye vòt de konfyans demachè lejislatif sa yo nan moman entèpelasyon marasa premye minis lan nan mwa Mas pase-a.

Antouka, se yon seri alegasyon ansyen premye minis lan demanti e voye jete ak tout fòs li ayè Jedi-a. Nan yon kominike li kouri fè sòti, sekretarya pwive ansyen premye minis Céant-an deklare se avèk sezisman ak de men nan tèt li apwann deklarasyon 2 ansyen kolaboratè premye minis-la ta deklare nan yon emisyon ki anime avèk Valéry Numa sou Radyo Vision 2000 ke premye-a te dispose magogo lajan pou onorab Senatè yo yon fason pou yo te ka vote anfavè li pandan entèpelasyon an. Yon seri alegasyon ke sekretarya pwive ansyen PM nan demanti kon chyen e deklare pakèt mantis a yo konsène sèlman moun ki fabwike yo.

Nap raple, otè Pascal Adrien tap okipe wòl pòtpawòl e Jorchemy Jean-Baptiste, Direktè kabinè adjwen ansyen premye minis Jean-Henry Céant.

Wilky Joseph

credit photo: Haiti24

Leave A Reply