Pòdpè Desè : Papa yon jounalis TriboLAND di latè babay

04/30/2022
Mòn Kayo, Pòdpè____(TRiboLAND) Orilien Hyppolite, papa jounalis Genson Hyppolite mouri sibitman madi ki te 26 avril 2022 an, vè 4è devanjou nan rezidans nan Mòn Kayo a kèlke kilomèt vil Pòdpè.
Vodouyizan Hyppolite te genyen 62 lane, li te konn pratike anpil aktivite kiltivatè; li te egalman yon prèt Vodou ki te konsakre tout tan li nan travay latè ak onore lèsen ou ginen yo nan bitasyon li, Mòn Kayo. Defen an tap viv ak konkibin li ki rele Tane Tervilien. Li kite dèyè 4 pitit : Marie Lourde Hyppolite, Louisana Hyppolite, Inseul Hyppolite ak Genson Hyppolite.
Nan kanton Mòn Kayo, Orilien se te mounpa tout moun; li te toujou kole zepòl ak granmoun tankou timoun. Pèt sa kite yon vid nan lavi anpil moun nan rejyon an tankou : fanmiy Bertran, Eugène, Basile e Fertilien ki reyèlman anba dezolasyon ak ren mare pou disparisyon prèt Vodou a ki ta sanble nan dènye souf li te fè lapè avèk Kris.
Fineray Mesye Orilien Hyppolite ap chante dimanch 1e me 2022, nan Legliz Kretyèn Lagras Mòn Kayo, Pòdpè nan 3è nan aprèmidi, aprè yo pral depoze kò a, nan simityè Mòn Kayo a. Ke nanm Orilien Hyppolite, repoze anpè nan demè etènèl li!






