Otorite relijyez yo nan Tigwav pwosede ak inogirasyon legliz katolik Tigwav la.

830

08-13-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Atravè yon seremoni, otorite relijez yo nan Tigwav, pwosede ak inogirasyon legliz katolik Tigwav lan, jounen dimanch 13 dawout 2023 a. Yon aktivite seremonyàl ki te dewoule an prezans divès pè ki te soti nan plizyè rejyon andan peyi a, minis kilti a, madam Emlie Prophète, minis finans ak ekonomi an Michel Patrick Boivert san konte lòt pèsonalite nan komin nan tankou : otorite etatik yo, otorite politik, notab yo ak manm nan popilasyon an.

Nan okazyon seremoni an, se Monseyè Max Leroy Mésidor ki te preche nan sikontans la. Nan diskou li, li remèsye tout moun, tout sektè ki te mete men ansanm pou rebati legliz Bondye a ki pou kounye a, pase nan ran katredral.

Monseyè Max Leroy Mesidor fè konnen, legliz la se tanp, se kò Bondye; se pou fidèl yo kenbe li pwòp, pandan li preche fidèl yo pou toujou rete nan lapriyè yon fason pou yo kapab wè mirak Bondye kapab fè nan lavi yo ak nan lavi fanmi yo.

Nap raple, se apwè 13 lane yo rrive rekonstwi legliz katolik Tigwav la, ki te kraze rapyetè nan tranbleman tè 12 janvye 2010 pase a, kote dega yo te konsiderab nan komin Tigwav.

Comments are closed.