Peyi Lachin vle limite ou bay minè chinwa yo 2è “tan ekran” sèlman chak jou sou telefònn

08-03-2023
Hong Kong, Lachin____(TRiboLAND) Peyi Lachin ap trese lèl pou li pran yon seri dispozitif pou redwi kantite tan timoun ak adolesan chinwa yo fè nan telefònn yo; konsa, peyi a vle reponn sou pwoblèm depandans entènèt la e konte kiltive pito “bonjan moralite” ak “valè sosyàlis yo” lakay minè yo pito.
Nan yon pwopozisyon ke Administrasyon sibè-espas Lachin, ki se inik òganizasyon kap kontwole entènèt peyi a, responsab yo egzije tout aparèy telefònn mobil, aplikasyon ak magazin aplikasyon yo genyen yon “mod minè” ki entegre e ki ap limite kantite “tan ekran” ti lèzanj yo pase chak jou nan telefònn, a yon maksimòm 2èd tan pajou selon laj yo.
Si reyèlman restriksyon sa yo arive apwouve, sa pral fè yon seri dispozitif ki te la deja, vinn pi elaji e aplikab. Konsa, objektif Lachinn, se limite tan ekran ti lèzanj chinwa yo e redwi ou ekate yo de yon seri “enfòmasyon endezirab”.
Dapwè Sant enfòmasyon sou rezo entènèt chinwa yo ki nan kòkòday ak gouvènman an, majorite ti inosan yo gen aksè ak entènèt via pwòp telefònn entelijan yo. Kidonk, otorite yo trè alame sou fason itilizasyon entènèt la ap afekte sante lajenès peyi a. Nan lane 2018, peyi Lachin anrejistre yon bonjan ogmantasyon nan timoun ki myòp. Yon bagay ki te fè yo blame anpati, endistri jwèt elektwonik lan.






