Dapwè Rony Timothé, silans konplis rejim defakto a sou twazyèm masak sou moun Bèlè yo, montre klè kon kleròz ke G9 ak PHTK, se pwason kraze nan bouyon

368

04/06/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Pòtpawòl òganizasyon sosyo-politik “Viv Ayiti”, Rony Timothé deklare jodi madi 6 avril 2021 an, ke li sezi wè pouvwa defakto Jovenel Moise la pase anba pye masak G9 e sangwen yo fè sou malere Bèlè yo, pwemye avril 2021 an dènye a. Tout sa moutre aki pwen yo pa respekte lavi moun nan peyi Dayiti.

Mesye Timothé deklare: koulya pa genyen dout ankò ke se tout bon, pa genyen diferans ant krim group gang G9 ak pouvwa defakto Jovenel Moise la ap komèt sou popilasyon an anndan peyi. Yon parèy konpòtman konplis, pa kapab vwale anyen ankò ke ansyen prezidan Jovenel Moise ak chèf gang Jimmy Cherisier, alyas “Barbecue”, pa marasa nan pèpetre krim anndan peyi a. Yo tou 2 pretann ke yo ap konbat yon gwoup oligachik anndan peyi a.

Pòtpawòl la ale pi lwen pou li di ke kanaj ke twazyèm masak federasyon gang yo ak reselè yo fè pwemye avril 2021 lan nan Bèlè, koze plis viktim ke sa moun ta panse!

Timothé di ke kriminèl yo ta pran yon seri kadav e achemine yo nan pwòp krematwà pa yo, bwile ou kabonize yo e redwi yo an sann dife pou yo pa jwen tras yo. Pou Pòtpawòl “Viv Ayiti” a, popilasyon an fè plis pèt ke sa. Anpil kay bwile e anpil moun dezète pou al pran refuj lòt kote.

Nap raple, peyi Etazini ki se alye rejim defakto a ki, pandan plizyè fwa fè sanblan ap mande arestasyon masakrè tankou Jimmy Chérisier ki moutre yon lòt fwa ankò ke li tèlman “Apwe Bondye”, li kapab fè e refè yon lòt masak ankò anba je kominote antènasyonal kap chèche plonje Ayiti nan plis tchouboum!

Comments are closed.