Pòdpè: vil natal Pwemyè Dàm Repiblik la, ap selebwe Fèt Imakile Konsepsyon nan barikad fatra, labou ak kochon

615

Pòdpè___(TRiboLAND) 2 jou avan Fèt Imakile Konsepsyon, Patwònn vil Pòdpè, anyen pako janm fèt pou chanje eskanp figi Site Kapwa Lamò-a ki nan toumant. Moun pa ka konte ki kantite barikad volim fatra ki pa sispann fè moun esplikasyon pwèske nan 80% vil la. Eta anviwònnman an nan Pòdpè bay repiyans, sitou ak fenomènn  bèt tankou “kochon ak kabwit” ki achte tout ri nan vil la lajan kontan.

Divès sitwayen TRIBOLAND te kesyone pat manke deplore konpòtman ak eta lamantab vil pwemyè Dàm nan; konsa, yo fè konnen “Manman Imakile,” pa merite jan de tretman sa yo ki bay anpil kè plen devan grenn je moun ki rele tèt yo otorite,

Sitwayen yo rapousuiv pou di e n ap site, ” Yon grenn bagay ki fè konnen genyen yon fèt nan vil Pòdpè ki se vil Pwemyè Dàm Repiblik la, Madame Martine Moise, se kèk bandwól kap paweze nan kèk katye ki di: BONNE FÊTE Pòdepè, BONNE FÊTE Imakile Konsepayon.”

Saint Jean wiskis, TRiboLAND

Comments are closed.