Apa Fanmiy Lavalas, tout bwanch opozisyon yo mete yo dakò sou chwa pwezidan Kou Kasasyon an pou pwan tèt peyi-a

0 454

Dimanch 10 Novanm 2019

Pòtopwens__(TRiboLAND) Apwè plizyè jou diskisyon ak fè bwas ant divès sèktè opozisyon an tankou: repwezantan pati ak gwoupman ou regwoupman politik san konte sèktè sosyete sivil la, yon konsansis te degaje yè Samdi-a nan Otèl Marriott, nan Pòtopwens.

 Nan yon dokiman tèt kole, tout antite yo fè yon sèl kò pou egzije san kondisyon depa pwezidan Jovenel Moise. Anplis, yon menm asepte sinye yon deklarasyon sere kole ki pou jistifye ke demisyon pwezidan repiblik la se yon obligasyon iminant. Menm dokiman sa tou, responsab politik yo pwan an konsiderasyon liberasyon tout manifestan ke yo arete nan kad pwotestasyon kont gouvènman Jovenel Moise la.

Li enpòtan pou sinyale, Pati Fanmiy Lavalas ki te gen anpil resèv sou chwa yon pwesidan pwovizwa ki ta dwe soti nan Kou Kasasyon an, tap plede plis pou yon gouvènman salu piblik. Konsa, repwezantan PFL yo pat sinye yon aparèy akò kit e jwenn apwobasyon majorite bwanch opozisyon politik yo.

Leave A Reply