BSAP nan Okap mete men sou yon jèn gason ki pran plezi vòlè telefòn

106

08-09-2023

Okap, Ayiti_____(TRiboLAND) BSAP poze lapat sou yon endividi ki pran plezi fouye moun, fè brakaj, vòlè telefòn nan vil Okap Ayisyen, zòn Vètyè, pandan lannwit mèkredi 9 dawout 2023 a .

Endividi sila ki ta deja pote ale plizyè telefòn ak lajan li jwenn sou moun, pou kounye a, endividi sila twouve l nan prizon kap la .

Nan dènye jou sila yo, move lawon pa sispann antre nan vil Okap, nan okazyon preparasyon fèt Notre-Dame nan. Plizyè sitwayen bat bravo pou BSAP ki fè yon parèy kout nas.

Comments are closed.