Pou make 40èm ane ekzistans lig pastè yo nan Grandans, divès aktivite oganize.

826

08-06-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Sou tèm ann rebati lavi nou. Neemi 2 vèsè 20, nan otèl “Le Sarah Jeremi”, pastè legliz pwotestan yo kite soti atravè 14 komin depatman Grandans lan, bwase lide ansanm jounen vandredi 4 dawou 2023 a.

Prezidan lig lan pastè a, Remy Bernadé ansanm avèk kolèg li pastè Léone Picard, konseye spesyàl lig lan pou depatman Grandans lan, te entèvni nan mikro TRiboLAND nan okazyon 40 lane asosyasyon an. Yo te fè konen, pou ke kretyen pwotestan yo arive viv byen sou tè sa a, fók ipokrizi fini andedan legliz pwotestan yo.

Konsa, ororite eklezyastik yo te pwan yon rezolisyon ki defini wòl ou entegrasyon politik yo nan patisipasyon desizyonèl peyi a; se konsa, rezilta eskonte a, pap lòt bagay ke amilyorasyon kondisyon sosyo-ekonomik kretyen yo.

Sete okazyon tou, pou lig pastè yo, te onore kèk ansyen pastè ki te fè bon travay pou abouti a 40 lane ekzistans asosyasyon pastè yo nan Grandans. Nap pwesize, ansanm aktivite lig la, te jwenn sipò BERACA Community ke pastè Edgard N. Louissaint ap dirije.

Comments are closed.