Opozisyon an nan Nòdwès pral okipe beton an jou k ap 18 me 2021 an pou al di non ak referandòm Jovenel Moïse la

468

05/14/2021

Pòdpè______(TRiboLAnd) Opozisyon politik la nan depatman nodwès la ki reyini plizyè pati ak regwoupman politik pami yo : Ayiti An Aksyon, MOPOD, MOLAH, Pitit Dessalines, Fanmi Lavalas, PONT, Fwon Patriyotik Popilè, RDNP, FUsion Sosyal Demokrat, OPL, pou n site sa yo sèlman, denonse menas ak pèsekisyon yo di y ap sibi anba men pouvwa anplas la depi aprè yo te fin boycott deba referandòm krèy KEP Jovenel Moïse la t ap òganize nan Jan Rabèl ak nan Pòdpè nan dat 4 ak 5 me 2021 an.

Kerby Joseph ansanm ak Me Kerly Dubréus ki te pran lapawòl jounen vandredi 14 me 2021 an, nan kad yon konferans pou laprès, deklare opozisyon an p ap janm danse ploge ak Jovenel Moïse ki gen manda l bout depi 7 fevriye 2021 e kontinye pran Palè Nasyonal la annotaj pou fè san pèp la koule atravè yon dividal gang k ap travay nan enterè rejim Plonje Haiti Tou Kanpe (PHTK).

Kerby Joseph ak Me Kerly Dubréus denonse tou menas lanmò ak zak entimidasyon yo di pouvwa anplas ap fè kont manm opozisyon an nan Nòdwès depi aprè echèk krèy KEP ilegal la nan Nòdwès.

Joseph Kerby ak Me Kerly Dubréus rabat pou di ke Jovenel Moïse pa gen ni tit, ni kalite pou fè referandòm ni pou chanje Manman Lwa peyi a. 2 pòtpawòl yo tryitere volonte yo pou mobilizasyon yo pa kanpe nan wout.
Kidonk, jounen 18 me 2021 an, ki se komemorasyon fèt drapo a, yo pral okipe beton an pou al di non ak referandòm lòbèy ansuit ak depa Jovenel Moïse nan Palè Nasyonal.

Opozisyon an nan Nòdwès mande pou popilasyon ayisyèn kontinye mobilize pou fè echèk ak referandòm Jovenel Moïse la ki prevwa nan dat 25 jwenn k ap vini la, yon dat Jovenel Moïse chwazi pou refè yon lòt Riyèl Vayan nan peyi dayiti.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.