Pastè Legliz “Jesus Center”, Jean Mary Ferrer Michel kidnape

1,691

10/03/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Yon gwoup kidnapè sangwen ame an diferan inifòm lapolis nasyonal la,  kidnape pastè Jean Mary Ferrer Michel nan moman li tap antre anndan legliz “Jesus Center” ki nan Delma 29 la, maten dimanch 3 oktòb 2021 lan avan 8 è ozanviwon.

Selon yon sous okilè, kidnapè yo moute ak reveran an nan yon machin Nissan Patrol e yo pran egalman 2 lòt moun ki te akonpanye sèvitè Bondye a.

Paralèlman, plizyè ka kidnapping ta sanble deja anrejistre nan kapital la jodi dimanch lan, yon lòt dimanch ki esplike gwoup sangwen yo chanje taktik nan sible ak pwojte antènn yo nan milye kominote eklesyastik la nan peyi a.

Comments are closed.