Kongrè 50yèm anivèsè MPP/ Sant lakay: Jounen Pòt Ouvèt- Ekspozisyon pwodwi ak manje lakay.

895

08-06-2023

Ench, Ayiti___(TRiboLAND) Jounen dimanch 6 dawou 2023 a, MPP òganize yon gwo “Jounen Pòt Ouvèt” nan kad 50èm anivèsè li a, nan tèt kole ak kominote a. Pou kore jounen sila, lidè òganizasyon an ta pral mete sou pye yon atelye ekspozisyon san parèy, nan Sant Lakay, ki chita kò li sou wout Papay – Basen-Zim lan, kote genyen divès kalite pwodwi tankou : manba, kasav, konfiti, panela, liv MPP, mayo ak kepi 50 lane òganizasyon an, pou n site sa yo sèlman.

Pou gastwonomi tradisyonèl yo, te genyen : tchaka, pela w, doukounou, tchoul, griyo, bannann, mayi bouyi, diri ak lalo, diri kole ak pwa, manyòk ak sòs vyann kabrit, poul peyi, pitimi, sòs pwa kongo, sòs gonbo ak divès lòt ankò.

Nan sans sa a, MPP envite divès lòt òganizasyon k ap batay pou yon demen miyò, non sèlman, kore pwodui lakay, men tou, mande popilasyon an vin dekouvri kilti lakay yo, epi vi n wè kèk reyalizasyon MPP pandan peryòd ekzistans li.


Comments are closed.