Pòt pawòl ANAMA nan Tigwav, salye depa mòtèl avoka Jean Danton Leger.

11 – 26 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Pòt pawòl Asosyasyon Nasyonal Majistra Ayisyen yo (ANAMA), mèt Arhen’s Mars, nan yon pwenprès li akòde jounalis lokal yo nan biwo li, jounen jedi 26 novanm 2026 lan, salye respektivman depa avoka Jean Danton Leger.
Pòt pawòl ANAMA a, fè konnen lanmò mèt Jean Danton Leger vin ogmante lis avoka ki tonbe nan jiridiksyon an ki genyen Leyogan, Grangwav ak Tigwav. Mèt Arhen’s deklare jiridiksyon an pral genyen yon gwo vide aprè depa gwo potorik gason sila; li esplike malgre avoka Leger te okipe pòs komisè gouvènman nan Jakmèl, ni lè li te reprezante popilasyon leyoganèz la nan 49èm legislati, li te toujou rete atache ak bawo jiridiksyon Tigwav la nan tout aktivite y’ap òganize.
Jij Arhen’s presize ke mèt Leger se te yon gran oratè enpekab, yon avoka ki te pi ansyen nan bawo Tigwav la. Selon li, li te difisil pou mèt la ap plede yon kòz devan majistra pou li pa jwen kichoy. Se te yon gason kanson, yon pwototip ki te itil kominote li nan nivo sosyal ak politik. Pozisyon li te toujou ale nan enterè popilasyon an; andan l di ke ekip majistrati yo nan Tigwav p’ap janm bliye èv mèt Leger yo, kap toujou boujonnen.
Lanmò mèt Jean Danton Leger lakoz yo leve syèj asiz kriminèl la e san dewoulman asistans nan jiridiksyon an. Pòt pawòl majistra yo nan Tigwav, mèt Arhen’s Mars pwofite okazyon difisil sila, pou l voye senpati li bay fanmiy, kòlèg e zanmi ki frape anba dèy sila a. Ke nanm mèt la, repoze nan lapè etènèl.






