Administrasyon Moise-Jouthe la inogire 7 sistèm ponpaj ak enèji solè nan depatman Lwès la

303

Pòtoprens____(TRiboLAND) Aprè ke depatman Sid peyi a te finn benefisyè 8 sistèm ponp a dlo ak enèji solè bò kote gouvènman an; koulya, se tou pa depatman Lwès, patikilyèman komen tankou Site Solèy, Gantye, ak Kwa Dèboukè ki sot viv inogirasyon 7 sistèm ponpaj dlo ak enèji solè.

Inogirasyon 7 sistèm ponpaj sa yo te fèt an prezans Prezidan Repiblik la, Jovenel Moise, Minis Agrikilti a, Patrick Sévère, Minis Anviwonnman a, Abner Sèptanm ak Anbasadè Repiblik Lachin (Tywann).

Plizyè sistèm ponpaj ak enèji solè sa yo deja enstale nan plizyè lokalite nan peyi a, daprè responsab yo ki t’ap konfime aplikasyon pwojè sa yo gen pou wè ak volonte prezidan repiblik la pou mete dlo disponib e aksesib pou tout moun alawonnbadè.

Comments are closed.