Pou make jounen mondyal alètman matènèl lan, divès aktivite realize nan vil Jeremi.

857

08-05-2023

.Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou make jounen mondyal alètman matènèl lan,direksyon depatmantal ministè sante piblik Grandans, realize yon latriye aktivite pou manman yo nan lopital Sentantwann la, nan vil Jeremi jounen vandredi 4 dawou 2023 a.

Kòdonatris pwogram nitrisyon direksyon depatmantal ministè a nan grandans, Manicheka Derosier, kite akonpaye doktè Kazimy, te mete aksan sou enpótans pou ke manman yo bay ti bebe yo tete pandan 6 premye mwa yo san ba yo lòt manje.

Sete okazyon tou, pou responsab sante yo nan Jeremi, onore kèk profesyonèl lasante kap travay nan matènite lopital Sentantwann, pou travay yap fè nan bay ti lèzanj yo nesans.

Manman kite patisipe nan kad aktivite sila yo, resevwa kèk ti kichòy tankou kit ijènn, ak fòmasyon kap ede yo byen jere bebe yo , e pèmèt yo rete an sante djanm.



Comments are closed.