Anviwon 2761 korektè deja resevwa email yo, pou al pase kout plim nan kad koreksyon egzamen Bakaloreya pou ane akademik 2022-2023 a.

854

08-05-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad yon piblikasyon minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la fè sou kont tweeter li, Nesmy Manigat, jounen samdi 05 jiyè 2023 a, anonse genyen anviwon 2761 anseyan pou pwosesis koreksyon egzamen Bak 2023 yo. Deja, selon nòt la, tout korèktè yo resevwa email konfòm, jan sa dwe ye.

2761 anseyan-korektè sa yo, ki deja ateri sou sit ministè a, reprezante 59.33% ke minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, konsidere kòm yon eksplwa nan yon bat je.

Pou yon gwoup moun nan sosyete a, desizyon minis edikasyon nasyonal la pèmèt tout kouch moun, jèn, kou gran moun, pòv kou rich patisipe, alòske pou kèk lòt, se pi move desizyon minis lan te kapab pran, lè li mande se pwofesè yo, ki dwe angaje yo nan pwosesis egzamen yo.

Pou minis edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, desizyon pa li yo, lakòz plizyè jèn gason ak jèn fanm k ap ansenye jwenn chans yo nan sistèm nan, paske li pa vin bare pèsòn.

Comments are closed.