Sèktè pwotestan an ki andèy, lanse yon grèv pou pwoteste kont asasinay ak anlèvman

1,859

09/29/2021

Pòtopwens_______(TRiboLAND) Otorite pwotestant yo nan peyi Dayiti anonse pou plizyè jou yon seri aktivite pwotestasyon nan kad asasinay dyàk Sylner Lafaille ak anlèvman madanm li Marie Marthe Laurent Lafaille nan moman yo tap antre anndan Première Église Baptiste de la Rue de la Réunion 26 septanm 2021 dènye.

Nan sans sa, alatèt Fédération Protestante d’Haïti (FPH) a, pastè Calixte Fleuridor fè konnen ke aktivite ke yo pwevwà pou demen vandredi pwemye oktòb 2021 an, ap gen pou paralize tout enstitisyon pwotestant yo, lekòl ak inivèsite. Sepandan, lopital ak sant sante yo ap rete louvwi.

Aktivite pou dimanch 3 oktòb yo envite kretyen pwotestan yo pou yo abiye an nwà e blan e ankouraje tout lòt denominasyon ak lòt sèktè pou yo pote kole nan yon parèy demach.

Paralèlman, paste Fleuridor pa sispann mande gang sangwen yo liberasyon vèv kidnape a, Marie Marthe Laurent Lafaille yon fason pou li ale fè fineray mari li ke yon gwoup gang ki te abò yon machin avèk plak leta te krible anba bal.

Comments are closed.