Yon group manifestan flanbe kay prive ansyèn senatè, Edmonde Suplice Bauzile

1,427

09-15-2022

Petyonvil, Ayiti______(TRiboLAND) Kay prive ansyèn senatris Edmonde Suplice Bauzile pase anba flanm dife jodi jedi 15 septanm 2022 a nan Tomasen 32, Petyonvil. Selon temwanyà yon pròch viktim nan, se ta manifestan ki tap denonse ogmantasyon pri gaz la ak enpak ensupòtab li genyen sou yon pakèt lòt prodwi petrolye.

Anpil nouvel bouch alèlè pa sispan lonje dwàt sou yon pakèt lòt lidè politik ki ta sanble yo pa inonsan nan voye lòt moun al atake divès politisyen ke yo estime ki trayi koz pèp la e asepte naje nan grès ak Ariel Henry.

Nap raple, yè mèkredi manifestan yo te sakaje egalman kay prive André Michel nan Tomasen 48 B, nan Petyonvil.

Comments are closed.